Manje sale podcast

Mar 21 2021 3
Manje sale podcast artwork

Manje sale se yon espas san jijman kote nou pwomèt ou a 100% ke n ap fè w ri, na p fè w fache, n ap fè òni, n ap fè w reflechi...Nou la pou tout moun.

Menm si manje sale ouvri a tout moun gen 3 kondisyon pou manje sale:

1- Fè rechèch pa w. Aprè w fin koute yon epizòd, al sou sit nou an kote w ap jwenn tout kalite sous, video, dokiman ke nou itilize pou kreye podcast yo.

2- Manje sale pa yon epas pou timoun. Nou itilize langaj ki vilgè. Se pa nou ki pral louvri lespri tilèzanj yo.

3- Manje sale se yon epas ki santre fanm sitou fanm Ayisyèn.

Non pa mwen se Lilith, mwen gen 25 an, mwen konsidere tèt mwen agnostik, mwen kwè nan lasyans e mwen 200% sipòte kominote LGBTQIA a